Volver a Malas hierbas
Idioma
Kreyòl
Publicación
2027
Dimensiones
5.25 X 8
Género
Woman
Editorial
Zemí Book

Other languages · Malas hierbas

Move zéb

Se yon bagay pou w leve kanpe epi mache.
Pou w vivan, se yon lòt bagay nèt.

Doktè Isadore Bellamy kwè nan sa li ka verifye. Li se byolojis molekilè, li gen je pou ti detay, epi li kenbe yon albòm kote tout bagay mele: dekoupaj sou plant pwazon nan Karayib la, tradisyon popilè ayisyen ak souvni li pa janm rive klase.

Epi yon mò vin travay nan laboratwa li a.

Nouvo kòlèg li a gen kilti, li gen lajan, epi li konn ki jan pou l konpòte l. Li aprann pase pou moun vivan pandan l ap chèche an sekrè fòmil ki ka fè l tounen vivan. Isadore ak de zanmi l yo deside rale l soti nan izolman l. Men li pa rive konprann sa medam sa yo vle, epi li vin kwè y ap fè konplo pou detwi l.

Ant rankont yo, nou jwenn paj ki soti nan albòm Isadore la: istwa maji, istwa moun yo vòlè volonte yo, istwa richès moun ranmase sou do mò k ap travay. Istwa sa yo mennen nou nan yon konesans ki pi ansyen pase laboratwa a, kote chimi, dezi ak vodou gen menm rasin.

Ak blag makab, erotis ak literati fantastik, Move zèb se yon woman ki sansyèl menm jan li san pitye. Li pale de kò nou anvi ak lavi nou pran pou pa nou.

Contacto directo

Déjame un mensaje

Tu mensaje es privado. Usaré tu correo para poder responderte.

Política de privacidad

Desde mi escritorio

Sigamos en contacto

Recibe noticias de mis libros, lecturas y próximos encuentros. Te escribiré cuando tenga algo que contarte.

Política de privacidad